LogoAMÉLIE PARADIS VÈTYON PARADI NAN KÈ MARIGO
PWOJÈ AN PREPARASYON · POKO OUVÈPROJET EN PRÉPARATION · PAS ENCORE OUVERT
Vizyalizasyon konseptyèl
Kotrèl • Ba Koraysou • MarigoCoterelle • Bas-Corail Soult • Marigot

Espas mwen imajine pou demen

Les espaces que j’imagine pour demain

Nan plan Amélie Paradis Vèt, mwen anvizaje yon pisin pou detant, yon ba ak yon espas restoran, yon jaden ki gen pye palmis ak flè, ansanm ak yon sèn pou aktivite kiltirèl ak mizikal.

Pour Amélie Paradis Vèt, j’envisage une piscine dédiée à la détente, un bar et un espace de restauration, un jardin avec des palmiers et des fleurs, ainsi qu’une scène pour les activités culturelles et musicales.

Mwen ta renmen amenaje yon gran espas resepsyon ak dans, kote moun ap kapab danse alèz epi selebre maryaj, gradyasyon, fèt anivèsè, resepsyon, rankont fanmi ak lòt aktivite. Mwen prevwa tou yon sèn pou mizik ak aktivite kiltirèl, ansanm ak ti kwen detant ki pi kalm pou koup ak ti randevou. Yon antre byen amenaje, pakin ak enstalasyon sanitè fè pati plan yo tou.

Je souhaite également aménager un grand espace de réception et de danse où les visiteurs pourront célébrer mariages, remises de diplômes, anniversaires, réceptions, réunions familiales et autres événements. Je prévois aussi une scène pour la musique et les activités culturelles, ainsi que des coins plus calmes pour les couples et les petites rencontres. Une entrée aménagée, un parking et des installations sanitaires font également partie du projet.

Tout eleman sa yo fè pati vizyon pwojè a. Yo poko disponib, epi plan yo kapab evolye pandan preparasyon an.

Ces espaces font partie de la vision du projet. Ils ne sont pas encore disponibles et les plans pourront évoluer.

Imaj konseptyèl
PisinPiscineEspas nan planEspace envisagé
Imaj konseptyèl
Ba ak restoranBar et restaurantEspas nan planEspace envisagé
Imaj konseptyèl
JadenJardinEspas nan planEspace envisagé
Imaj konseptyèl
SènScèneEspas nan planEspace envisagé
Imaj konseptyèl
PakinParkingEspas nan planEspace envisagé

Espas pou selebre bèl moman lavi a

Des espaces pour célébrer les beaux moments de la vie

Gran espas resepsyon ak dans

Grand espace de réception et de danse

Yon espas laj, konfòtab ak byen òganize, ki ta kapab resevwa maryaj, gradyasyon, fèt, resepsyon ak lòt gran evènman, avèk yon pis dans ak plas pou tab ak chèz.

Un espace spacieux, confortable et bien organisé, envisagé pour les mariages, remises de diplômes, fêtes, réceptions et autres grands événements, avec une piste de danse et de la place pour les tables et les chaises.

Sèn mizik ak aktivite kiltirèl

Scène musicale et culturelle

Yon zòn pou twoubadou, DJ, animasyon ak lòt pèfòmans kiltirèl, ki ta kapab sèvi ansanm ak espas resepsyon an.

Un espace envisagé pour le troubadour, les DJ, les animations et d’autres prestations culturelles, pouvant fonctionner avec l’espace de réception.

Ti kwen detant ak randevou

Coins de détente et de rencontre

Kèk ti espas pi trankil nan jaden an pou koup, ti rankont prive ak moun ki vle pase yon moman dous, lwen bri gwo aktivite yo.

Des coins plus calmes dans le jardin pour les couples, les petites rencontres privées et les moments paisibles à l’écart des grands événements.

Amenajman ak kapasite espas sa yo ap defini pandan pwojè a ap devlope.

L’aménagement et la capacité de ces espaces seront définis au fil du développement du projet.

Imaj yo se referans oswa konsepsyon, yo pa foto enstalasyon ki deja konstwi.

Les images sont des références ou des concepts, et non des installations déjà construites.