LogoAMÉLIE PARADIS VÈTYON PARADI NAN KÈ MARIGO
PWOJÈ AN PREPARASYON · POKO OUVÈPROJET EN PRÉPARATION · PAS ENCORE OUVERT
Vizyalizasyon konseptyèl
Kotrèl • Ba Koraysou • MarigoCoterelle • Bas-Corail Soult • Marigot

Amélie TOUSSAINT — Yon non, yon istwa, yon eritaj

Amélie TOUSSAINT — Un nom, une histoire, un héritage

Dèyè non Amélie Paradis Vèt, gen istwa yon fanm ki te aprann mwen anpil bagay sou lavi. Fanm sa a se Amélie TOUSSAINT, manman adoptif mwen.

Derrière le nom Amélie Paradis Vèt se trouve l’histoire d’une femme qui m’a beaucoup appris sur la vie. Cette femme, c’est Amélie TOUSSAINT, ma mère adoptive.

Li se te yon fanm travayè, yon manman ki pa t pè leve bonè, menm anba move tan, pou l al chèche pen chak jou pou pitit li yo. Li te gen bon kè. Li te pran swen mwen ak yon lanmou ki te fè m santi mwen te pitit li toutbon.

C’était une femme travailleuse qui n’avait pas peur de se lever tôt, même par mauvais temps, pour subvenir aux besoins de ses enfants. Elle avait bon cœur et prenait soin de moi comme de son propre enfant.

Mwen sonje jou li te konn mete m devan li oswa sou yon ti bourik pou nou ale nan mache Bitay ak nan Wotè, lè pa t gen lekòl. Se nan vwayaj sa yo mwen te kòmanse konprann valè travay, kouraj ak sakrifis.

Je me souviens des jours où elle m’emmenait, devant elle ou sur un petit âne, au marché de Bitay et à Wotè, lorsqu’il n’y avait pas école. Ces trajets m’ont fait comprendre la valeur du travail, du courage et du sacrifice.

Li te toujou aprann mwen se ak swe fwon mwen mwen dwe viv. Twa gwo leson li te kite pou mwen se respekte moun, ale lekòl epi pa pè travay di.

Elle m’a appris à vivre du fruit de mon travail. Elle m’a transmis trois grandes leçons : respecter les autres, aller à l’école et ne pas avoir peur de travailler dur.

Se pou rann Amélie TOUSSAINT omaj mwen chwazi bay pwojè sa a non li.

C’est pour rendre hommage à Amélie TOUSSAINT que j’ai choisi de donner son nom à ce projet.

Imaj yo se referans oswa konsepsyon, yo pa foto enstalasyon ki deja konstwi.

Les images sont des références ou des concepts, et non des installations déjà construites.